KISA ANALIZ SWOT LA VLE DI?

 

Lanaliz SWOT la se yon teknik itilize pou idantifye Fòs, Feblès, Opòtinite ak Menas ki antoure antrepiz ou, men li ka aplike tou pou yon pwojè kèw genyen. Menm lè se ti antrepriz ak òganizasyon ak objektif pou pa fè lajan, ak ankò gwo antrepriz, lanaliz SWOT lan ka itilize osi tan sou plan pèsonèl ke pwofesyonèl.

Menm si analiz SWOT la parèt relativman senp, men li se avan tou yon zoutiy pisan, ki ap pèmèt ou idantifye ansanm pis dameliorasyon vizavi ak konkiran yo. Lè sa a wap kabap travay pou amelliore ekip ou a ansanm ak biznis la pandan wap gade yon longè davans sou tandans  mache a.

KISA SA VLE DI SWOT ?

SWOT, se akronim mo anglè sa yo: STRENGTHS, WEAKNESSES, OPPORTUNITIES AK THREATS. An kreyòl se: Fòterès, Feblès, Opòtinite ak Menas. Li enpòtan pou ekzamine chak faktè sa yo pou planifye kòrèkteman kwasans antrepriz ou a. Se la analiz la antre an vigè.

Analize 4 faktè sa yo ap baw yon vizyon pli laj de sitiyasyon  ak manyè ke wap kapab pase nan etap kap swiv la. 

 

·         FÒS  (Strengths) : Fòs yo fè referans ak inisyativ entèn yo kap vin bay yon bon rezilta. Analiz faktè sa  a kapab enplike yon konparezon ak lòt inisyativ. Konsa, wap konprann sa ki deja ap fonksyone, answit ou ka itilize lòt teknik ou gen nan lòt domèn ke’w ka bezwen, tankou amelyorasyon kapasite ekip de travay ou a.

Pou analize fòs biznis ou an, fòk ou kòmanse poze kesyon sa yo :

1)   Kisa ki pwen fò biznis lan ?

2)   Nan kisa biznis ou an diferan ?

3)   Ki aspè nan biznis lan, piblik la plis apresye ?

Men yon ekzanp de fòs kap pèmèt ou konprann pi byen :

Sèvis kliyan : Sèvis kliyan nou an eksepsyonèl konpare ak konkiran nou yo avèk yon eskò 90.

·         FEBLÈS (Weaknesses)

Feblès antrepriz lan fè referans ak inisyativ entèn mwens pèfòman yo. Nou konseye’w analize fòs ou yo avan feblès yo pou’w ka defini yon baz de referans pou echèk ak reyisit ou yo.

Idantifakasyon feblès entèn yo, konstitye yon pwen depa pou amelyorasyon pwojè ou yo.

Se menm bagay la pou ekzamen fòs ou yo, ou dwe poze plizyè kesyon pou kòmanse idantifye feblès ou yo :

1)   Ki enisyativ ki mwens pèfòman e poukisa ?

2)   Ki pwen pou amelyore ?

3)   Ki resous mwen bezwen pou bay pi bon rezilta ?

Men yon ekzanp feblès :

Rann vizib kòmans anliy : Sit web nou manke gen vizit paske nou manke fè maketin pou li, anplis vant yo desann sou aplikasyon mobil yo.

 

OPÒTINITE (Opportinuties) : Opòtinite yo se rezilta fòs ak feblès aktyèl yo, osi de tout inisyativ ekstèn kap plase biznis lan nan yon pozisyon konkiransyèl piwo. Li kapab feblès ke wap chache amelyore ou domèn ke’w pat idantifye pandan de premye faz analiz ou yo.

 

Kòm ekziste plizyè fason pou jwenn opòtinite, li enpòtan pou’w poze kesyon sa yo avan’w kòmanse :

1)   Ki rezous nou dwe itilize pou korije feblès nou yo ?

2)   Kèk aspè sou mache afè yo ke nou pa ofri?

3)   Ki objektif nou pou ane sa a ?

Men yon ekzanp dopòtinite ki gen rapò ak fòs ak feblès mwen te bay anlè a :

Kanpay Maketin (Email, Whatsapp, Facebook, Youtube, Instagram ….): Difizyon kanpay de piblisite pou yon meyè vizibilite anliy.

 

MENAS (Threats): Menas yo fè referans ak domèn ki kapab sisite pwoblèm. Yo diferan de feblès yo, paske yo vini deyò (ekstèn). Jeneralman nou pa gen kontwòl yo. Li kapab vini pa tout tip devènman: yon pandemi kap chanje tout lòd biznis lan yon kadè.

Men kèk kesyon ou dwe poze pou idantifye menas yo :

1)   Ki sa kap evolye nan sektè biznis mwen an ki se yon sous de preyokipasyon ?

2)   Ki tandans mache a alaveni ?

3)   Ki pwen konkiran nou yo, jwenn meyè rezilta pase nou?

 

Men yon ekzanp de Menas ki kabap kontribye nan vilnerabilite biznis ou an, fas ak pwoblèm yo:

Nouvo konkiran: Yon nouvèl boutik anliy ap ouvri mwa sa a, ki papab fè nou pèdi nan kliyann nou yo.

 

 EKRI PA: SHOUBENS OSIRIS