KISA MAKETIN DIGITAL LA YE? AVANTAJ LI
Maketin digital se yon sibdivisyon de maketin, ki tèlman vin popilè nan dènye tan sa yo, li vin konsidere kòm modèl moun fè maketin kip at janmen ekziste. Poutèt sa, ann wè kisa ki maketin digital la? Maketin digital konsite promouvwa ak sèvi mache a. Nan yon fason pi konkrèt, Maketin digital la ap chache pa mwayen de envestigasyon mache yo, promouvwa avèk kominikasyon, piblisite, itilize kanal de distribisyon yo pou arive jwenn kliyan yo. Sa se yon definisyon nan lane 80 yo. Avèk lemèjans de lenfòmatik, etid mache yo pou fè maketin vin vwayaje avèk yon vitès egal ak fason moun konsime pwodwi yo.
Maketin digital rele tou, komès anliy ou mache anliy, se yon fòm de maketin ke nouvo media ansanm ak kanal piblisitè teknolojik ak digital yo itilize. Pouvwa teknolojia pèmèt nou ka kreye nouvèl eksperyans pèsonalize pou mezire ak anrejistre tout objektif itilizatè yo, nan lide pou ameliore sèvis yo. Se konsa, maketin digital la se yon evolisyon radical maketin lan, gras ak lateknoloji ki mennen nou fòmile de bòn estrateji. Rekiyi done an kantite, (Data) ak kapasite pou mezire ak yon pouvwa ekpotensyèl an konparezon ak media tradisyonèl yo, prouve yon grand revolisyon nan endistri maketin ak piblisite. Pa ekzanp gras ak BIG DATA (Gran done), nan maketin digital nou ka pale de aplikasyon tankou: NETFLIX, AMAZON… E osi gras a Email marketing, kap ede’w fè swivi de kliyan yo ak konsomatè pwodwi w yo.
Maketin dirèk e entèraktif: Prekisè maketin digital
Moun kap envestige di ke maketin dirèk la se tout sòt de maketin ou fè nan objetif pou chache repons ak etabli yon relasyon dirab ant ou menm ak kliyan o benefik nou de a. Maketin dirèk la se yon vizyon estratejik nan maketin ki sèvi ak tout mwayen ki disponib nan kominikasyon ak piblisite. Objektif li se etabli pèspektif ak chache jwenn yon relasyon ant kliyan yo ak antrepriz la. Nan sans sa a, Maketin dirèk la jwenn yon bon alye ki se entènèt ki atenn apoje li avèk nouvèl teknoloji yo. Sa se te san dout pwen de depa devlopman maketin nimerik. Ki se kapasite pou mezire ak posibilite pou kreye dè sèvis pèsonalize ki adapte ak kliyan ak yon pri derizwa.
AVANTAJ MAKETIN DIGITAL LA
AKoz de karakteristik entènèt pote ak maketin digital nou ka di biznis ou ap jwi de privilèj sa yo :
GLOBAL : Yon fwa ke’w pibliye pwodwi’w sou entènèt la, nenpòt moun nan nenpòt kote nan mond lan, kapab dekouvri’w.
ENTÈRAKTIF : Entènèt se yon kanal de kominikasyon bidireksyonèl. Nan sans sa a, maketin digital se sal ye tou. Sa vin rann kominikasyon ant entreprenè ak kliyan yo, pi fasil e pi rapid.
MEZIRAB : AKtyèlman ou pa bezwen yon ekspè pou mezire pwofi biznis ou an, tout fwa ou ka toujou bezwen sèvis li. Men ou menm gras ak kòmantè kliyan yo ou vizitè yo, ou ka fè yon analiz e gesyon biznis lan. Epi sa ap pèmèt ou gen yon baz de done tout moun, kliyan, itilizatè, konsomatè …
IPÈ SEGMANTAB : Gras ak kantite enfòmasyon ou rekeyi de itilizatè entènèt yo, li fasil pou divèsifye pi byen aksyon maketin wap fè a. Sa ap pèmèt nou etabli objektif ki reponn ak bezwen itilizatè yo ou kliyan yo. Jodia nou ka segmante kanpay piblisite nou an fonksyon de zòn jewografik ak fizo orè yo.
ESTRATEJI AK TAKTIK AN MAKETIN DIGITAL
Genyen 3 aktivite kle nan maketin digital:
1) Fè gen trafik sou paj web ou (Poste konteni de valè) – Trafic Manager
2) Konvèti trafik sa yo an travay rantab ou en gen (Convertion Rate Optimization)
3) Analize e mezire kote ki gen opòtinite ak ki kote ki gen pwoblèm, wap bezwen èd yon analist digital ou yon analist web.
Sikl sa a li fondamantal, men, anplis gen anpil lòt disiplin ou ka travay kap jenere’w estrateji ak taktik mache anliy :
SEO ou SEARCH ENGINE OPTIMIZATION: SEO a se pozisyònman natirèl ou nan motè de rechèch GOOGLE. Konsite pou reyalize optimizasyon pouw parèt an premye plan lè yon entènèt ap fè rechèch.
SEM ou SEARCH MARKETING : Ròl li se ede’w pozisyon’w menm jan ak SEO a, diferans lan ou dwe peye pou sa. Nan dènyè tan sa yo, sa vin yon bon zouti pou maketin digital la, paske anpil moun peye pou yo parèt opremye plan.
INBOUND MARKETING : Konsiste envesti nan piramid maketin lan. Olye pouw ap chache kliyan, se kliyan an kap chache pou konnenw.
EMAIL MARKETING : Se kòm ansyen kourye postal yo, men li elektronik. Trè itilize kòm zouti kominikasyon avèk kliyan yo ak pou chache nouvo kliyan.
SOCIAL MEDIA MARKETING: Preske tout mak yo kounyea genyen yon voz digital ki idantifye yo. Rèd sosyal yo kounyea se estrateji de vant yo.
MARKETING PATNERS: Meyè fason pouw grandi biznis ou an, se atravè dè kolaborasyon ou patenarya.
REMARKETING OU RETARGETING : Kapasite ou genyen pouw reenpakte moun ki te vizite paj ou an, komès ou an ou aplikasyon w lan.
NATIVE ADVERTISING OU PIBLISITE NATIF : Se yon sòt de piblisite ke’w fè nan media yo, ki pa sanble ak piblisite.
E-COMMERCE : Se traslasyon komès tradisyonèl la nan mond digital la. Li enplike sit web ou aplikasyon kote moun kap achte ou pran yon sèvis anliy.
PIBLISITE PWOGRAMATIK : Se yon fòm dacha dodyans atravè teknoloji yo tankou DSP ki pèmèt segmante moun ou ta vle fè rive jwenn modèl dacha yo an piblisite tradisyonèl. Nan sans sa a, ou opte pou mwayen ki pi ba pri a pou ka fè plis enpak. Youn nan fason tipik ou ka achte se atravè odyans ´´LOOK ALIKE´´ , ki se itilizatè ki pi sanble ak sila yo kap achte pwodwi mwen yo ou sèvis mwen yo.
ANALITIK WEB : Pèmèt analize, mezire ak konnen itilizatè yo konpòte yo atravè de grafik ak done.
NFTs de FIDELIZASYON : Se denye estrateji nan etablisman yon relasyon ant kliyan ak mak ou a, pandan nap kreye yon lyen emosyonèl.
ZOUTI POU YON BON MAKETIN DIGITAL
Genyen anpil zouti pou maketin digital sou mache a. Genyen ki peyan, konsa tou genyen ki pasyèlman ou totalman gratis, ak yo nou ka jwenn de bon rezilta. Nou pa pral site tout ba ou, men nap ka baw kèk ki pi enpòtan ke wap gen bezwen.
ZOUTI DE ANALIK WEB : San dout, meyè ekzanp nou ka baw, se Google analytics, li gratwi.
ZOUTI PIBLISITE DIGITAL : Google Ads ak Facebook Ads. Ke anpil antrepriz ak tikomès itilize.
ZOUTI DE DIZAY: Canva, Adobe, Balsamiq, Picsart..
ZOUTI DE ENTÈLIJANS MAKETIN : Google data Studio (trè fasil pou konekte ak Google Analytics) ak Power BI
ZOUTI DE EMAIL MARKETING E CRM : Sistèm danvwa de email rapid e fasil. Salesforce ou SugarCRM, Pipedrive, e sa ki pi popilè a se mailchimp.
ZOUTI POU GENERE LANDING PAGE : Unbouce.