olye de $1500 peye $1000
DESKRIPSYON
Genyen yon sit web pou biznis ou a, se ouvè biznis ak tout mond lan. Lè sa a biznis ou an pap gen orè douvèti ni fèmti. A nenpòt lè moun ka achte. Sa ap pèmèt ou rantre plis lajan. Yon biznis san yon sit web se yon biznis ki fèmen sou li menm, e ki limite tèt li.
Enfliyans ofri ou 3 opsyon platfòm kote ou ka loge sit web ou an,nan optik pou pèsòn pa di yo paka gen yon sit web. Nan enfliyans, nou vle tout biznis dwe grandi. Pou sa, nou ba'w kòm BONIS, non domèn biznis ou a (Domaine name).
Règleman:
kreyasyon sit web la ap pran 15 jou ouvrab
kliyan an gen obligasyon pou li founi foto, tèks, enfo de tout pwodwi ke li chwazi vann yo
se pa nou ki ap chwazi pwodwi pou li ni edite foto yo. Enfliyans ofri sèvis edisyon an.
nou pap fè taks pou li
aprè pèyman kliyan an ap ka chwazi ki platfòm nan 3 opsyon nou genyen yo li vle itilize
domaine name nan paka depase $50 us.
Yon fwa travay la tèmine e remèt, kliyan an ta vle chanje ou ajoute yon bagay nap transfere'l ak yon sèvis ¨mentnans¨peyan